Woch nan Soley pwal kon Plézi Woch nan Dlo

 

Patrick Prézeau Stephenson et al., Collectif du Manifeste L'Appel du Lambi.

September 28, 2023

Woch nan Soley pwal kon Plézi Woch nan Dlo

Sa a se yon vwa kolektif ki soti nan kè yon gwoup sitwayen ayisyen ki gen lafwa nan kapasite nou pou chanje reyalite peyi nou an. Yo chwazi fè yon diferans pozitif nan Ayiti nou an, se yon pote-paròl pou aspirasyon pèp la pou yon lavni miyo, plis diyite, ak plis bonè pou tout sitwayen. Nou mete devan nou yon lòt vizyon : "Woch nan Soley pwal kon Plézi Woch nan Dlo," yon pawol ki pou n'ap travay ansanm, kolektivman, pou pwomouvwa yon Ayiti pi pwosper, pi jis ak pi egalitè.

 

Lèspri Kolektif ak Angajman Endividyèl

Nou kwe nan konsèp "Woch nan Soley pwal kon Plézi Woch nan Dlo" paske li reflete angajman nou chak jou. Se pa sèlman yon fraz, men yon kòd ki gide chak aksyon, chak desizyon nou pran nan chimen kolektif la. Nou se yon nasyon ki gen richès nan kilti, nan istwa, ak nan kapasite kreyativite. Nou kwè nan fòs kolektif la, nan linyon ak solidarite, epi nou kwè tou nan valè chak moun. Lè n'ap mete tèt ansanm, li pèmèt nou bati yon demen pi klere pou tout moun. Nou bezwen pou edikasyon ki ateyi, kote jèn yo ka devlope kapasite yo epi kontribiye nan devlopman sosyal ak ekonomik peyi a.

 

Anpil Desizyon Endividyèl, Yon Sèl Desten

Nou sonje ke Ayiti se yon teyat kote chak sitwayen se yon aktè. Sa vle di chak aksyon, men sil piti l', gen enpak sou desten peyi a. Sa k'ap pase nan yon kominote afekte tout kominote a. Se pou sa, pou nou ka chanje reyalite a, se ansanm nou dwe fè desizyon ki pwal konplèks yo, se ansanm nou dwe voye yon sèl mesaj klè: "Nou vle yon Ayiti ki pi bèl, ki pi jis, ak ki pi egalitè." Se nan kouraj, solidarite ak konpreyansyon nou pral jwenn plas pou woch nan soley kon plézi woch nan dlo.

Kreye Yon Demen Pi Klere

Nou se kreyatè Ayiti nou vlé a. Nou gen kapasite, konesans, ak volonté. Men, n'ap vin pi fò si n'ap travay ansanm. Nou gen stikti nan rasin nou, nan tè a, ak nan kominote nou yo. Se la resous nou yo ye, epi se ansanm nou ka itilize yo pou kreye yon systèm ki pote fwi pou tout moun. N'ap travay pou devlope edikasyon, la sante , ankouraje inovasyon ak antreprenarya, epi n'ap kore lide ki kapab transforme Ayiti an yon ekonomi ki pi fò ak pi janm.

Sa vle di, konesans ak edikasyon ap klere wout pou yon lavni pi bon. Lè n ap aprann ak devlope tèt nou, n ap gen kapasite pou fè chwa ki pi enpòtan pou lavni nasyonal la.

 

An nou fe solidarité tankou zansèt nouyo :

LIBÈTE EGALITE FRATÈNITE, L'INYON FE LA FÒS

Lanmou, ak Lapè pou Ayiti!

 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

MANIFESTE: L’APPEL DU LAMBI

La fuite des cerveaux et l'exclusion de la diaspora

Le Coût Caché de la Violence des Gangs en Haïti