
Woch nan Soley pwal kon Plézi Woch nan Dlo Patrick Prézeau Stephenson et al., Collectif du Manifeste L'Appel du Lambi. September 28, 2023 Woch nan Soley pwal kon Plézi Woch nan Dlo Sa a se yon vwa kolektif ki soti nan kè yon gwoup sitwayen ayisyen ki gen lafwa nan kapasite nou pou chanje reyalite peyi nou an. Yo chwazi fè yon diferans pozitif nan Ayiti nou an, se yon pote-paròl pou aspirasyon pèp la pou yon lavni miyo, plis diyite, ak plis bonè pou tout sitwayen. Nou mete devan nou yon lòt vizyon : "Woch nan Soley pwal kon Plézi Woch nan Dlo," yon pawol ki pou n'ap travay ansanm, kolektivman, pou pwomouvwa yon Ayiti pi pwosper, pi jis ak pi egalitè. Lèspri Kolektif ak Angajman Endividyèl Nou kwe nan konsèp "Woch nan Soley pwal kon Plézi Woch nan Dlo" paske li reflete angajman nou chak jou. Se pa sèlman yon fraz, men yon kòd ki gide chak aksyon, chak desizyon nou pran nan chimen kolektif la. Nou se yon nasyon ki gen r...